• koman to trete liseyen yo nan peyi dayiti

    koman to trete liseyen yo nan peyi dayiti

     

    ACTUALITES HAITIEN ET AUTRES 

    Zafe                   liseyen               an               ayiti 

    Nou konnen an ayiti bagay yo tre diferan de lot peyi yo.

    nan lot peyi yo,yo bay lekol anpil enpotans tandiske an ayiti se pa menm bagay.

    andedan lise yo se tankou yon prizon.nou konnen apena de ou pa bal sevis ou pa nan proteksyon

    ebyen nan lise fritz piere louis bagay la preske menm jan,gen yon moun ki youjou panse li siperye ak yon lot,li toujou panse ke li ka fe travay yon lot pi byen pasel

    ann pran egzanp de Roger Renold li se: kontab,responsab NSII e profese nan reto nan lise a.

    pou sa li panse li se wa.E li fe konnen se li ki fe la lwa nan lise a

    poun tounen sou sije a,li gen yon bagay li renmen di nou pa kitel domi poul fe yon move rev,oubyen pa kitel reve li touye yon ti zwazo paske ti zwazo a se nou sal te fe ti zwazo a konnen se sa ki pral rive nou.

    ki vle di chak jou nou leve nou si poze priye non selman pou nou pase yon bon jounen epi nou sipoze priye poul pa reve tizwazo a,si non mhhhhhhhhhh!!!!!!!!!!!!

    ebyen mezanmi sanble gen youn nan nou kite bliye priye paske jou kite madi 14 mas 2017 la  li te pase vin di nou ranje ko nou paske li te reve ti zwazo a.men ti zwazo sa li reve a se mal li ye sa vledi se ak gason yo li annafe ebyen antre 6h pou rive 7h pm.

    Roger: tout gason kanpe!! pase devan vin banm yon rale monte glise desann

    tanpri souple sAK RALE MOnte glise desann nan?

    wap rale pye pantalon ou monte rive nan tet  jenou ou pou kitel desann pou kont li san ou pa sekwe pye ou,ni touche li.

    an gade pantalon sa avem yo dim li skini

     

    dapre nou koman yon moun skini? ann gade reg skini yo avem dapre kelke moun.

    1-yon pantalon skinise le li kole sou ou,oubyen se le pye a 15cm

    2-yon moun skini se le direksyon yon enstitisyon di koman pou ou fe pantalon an epi ou menm ou fe li jan paw:egzanp si direksyon an di pye a sipoze 20cm epi ou menm ou fe li 18,19cm se le sa ou skini.

    ebyen jou sa pagen moun kite epanye sof medam yo.paske se ti zwazo mal la lite reve.

    li te maltrete,masakre,mantibile epi kraze bouda tout jen gason ki nan klas NSII-1 sa.poukisa?

    paske li te reve ti zwazo a. Ala mize liseyen Fritz Pierre Louis ap pase anba men yon kontab andan yon lise.

    Majorite ti jen gason yo paka chita sou chez plastik yo le yo rive lakay yo jou sa.

    Ann tande kek temwanyaj avem.

    mwen oblije itilize speudonyme pou moun yo paske yo pa dako pou non yo figire.

    1-Bonswa! Koman ou rele?

    Bonswa! mwen rele agresif

    koman ou santi ou pandan ou tap pran baton pou skini epi ou pa skini vre?

    mwen we se pi gwo enjistis yo te ka fem,si se pat respe mwen te gen pou manmanm mtap ba misye yon kout mwen.

    yon kout pwen! pa bliye sa patap fini la?eske ou panse ak konsekans sa tap genyen sou lavi eskole ou?

    Konsekans lan patap tro rive sou mwen paske li tap ka jis metem deyo nan lise a pou ane a men li patap ka anpechem ale nan yon lot lise. epi  misye ap pran poz li ka jwe tout wol andan lise a, paske sa misye tap fe madi a sa se travay seveyan jeneral la.

    2-Renold banm yon kout baton bon sans mwen ale,mwen santim ta kouri.epi twazyem nan mwen tonbe katriyem nan mwen tonbe anko.Baton sa se baton yo bat bourik.

    pafwa moun yo sot lakay yo tou grangou epi renold vin ap bat moun.

    dapre enfomasyon yo dim baton sa mezire 1m nan longe 8cm nan lage

    3-komanw rele?

    mwen rele metropol

    Eske ou ka explike nou koman ou te ye jou ki te madi 14 mas 2017 la?

    ah  mwen pat santim byen non

    poukisa?

    paske mwen te sibi yon enjistis jou an.

    ki enjistis li ye la?

    bon enjistis la se paske kontab lise a te chwazi fe travay siveyan jeneral la san moun pa fe anyen li mache bat tout gason ki gen nan klas la, epi pou mwen se pi gwo enjistis yo fe mwen depi mwen sou te a.paske mwn we map pran kout baton sanm pa fe anyen.

    lap fe tout sa yo pou nou ka pe li,e li di nou se tonton pou nou rele li.

    krite tonton Renold te chwazi pou li te fe nou enjistis sa?

    li pran preteks ke pantalon nou skini,yon pantalon skini pap ka rive sou jenou ou non epi li di fok pantalon an monte sou tet jenou ou epi pou li desann pou kont li.e lio konnen sal di pou nou fe a enposib.

    koman ou te santi ou le ou tap pran baton pandan ke ou inosan?

    Bon kom li fe konnen se li menm sel ki ka fe lalwa nan lise a,li di li se otorite mwen oblije reziyem kisam pral ka kont otorite.

    Malgre nap viv nan demokrasi, li menm li fe konnen depi ou nan klas sa demokrasi a fini se nan diktati a ou rantre depi ou nan lekol la.

     

     

    mezanmi liseyen pa ti bet.koman fe pou nou ap sibi tout maltretans sa yo tandiske kisa nou vin chache le nou vini nan lekol la se yon fason pou nou pa menm jan ak lot moun kap mande nan lari a oubyen moun kap friz moun nan lari a si nou te vle vin yon bandi se pa wout lekol nou tap chwazi pran.

    nou konnen nan reyalite a pa gen kotew ye ou pap jwenn dekourajman c ou ki pou konnen pou pa janm dekouraje

    mesi deske nou li epi pa ezite kite yn komante

     koman to trete liseyen yo nan peyi dayiti

     

     

    koman to trete liseyen yo nan peyi dayiti

    Lycée Fritz Pierre Louis nan lari »
    Partager via Gmail Yahoo!

    Tags Tags : , , , ,
  • Commentaires

    1
    Lundy Nadeige
    Mercredi 7 Juin 2017 à 05:18
    Felitasyon
    2
    Lundy
    Mercredi 7 Juin 2017 à 05:21
    Felisitasyon
    • Nom / Pseudo :

      E-mail (facultatif) :

      Site Web (facultatif) :

      Commentaire :


    Suivre le flux RSS des commentaires


    Ajouter un commentaire

    Nom / Pseudo :

    E-mail (facultatif) :

    Site Web (facultatif) :

    Commentaire :