• Enlervement policiere histoire vécu

    Enlervement policiere histoire vécu

    Yo toujou ap di ayiti pa gen leta, ben se manti gen leta wi , leta pa fè travay li jan poul fèl la vre, kounye a yo oblije di pa genyen.

    Ebyen nou tout ayisyen konnen byen kijan sistèm leta ayisyen an ye, yo toujou ap fè enjistis ak sa ki pa sa pafwa yo konn gen rezon men jodi a nan okenn mwayen yo pat gen rezon anbake’m pou anyen. Ebyen jodi a mwn resi pran gen yon bakop CIMO ki deside anbake’m pou gran mesi paske mwn pa konn anyen se aprè lèm rive nan komisarya map konnen poukisa yo te anbakem. Mercredi 14 juin 2017 mwen soti lakay mwn byen chèlbè mal lekol la mal travay mathématique ak kelke group elèv nan lise a epi mwn te gen pou’m nan cyber epi mwn di banm tou profite ale epi mwn ale, pandan ’m rive nan rue Lafleur Duchene, pou’m monte nan avenu christophe bo legliz lochard mwn wè yon bann polis pase kanpe devanm epi yo pwente zam yo sou mwen yo di komanse idantifye’w, yo pa men’m banm tan pou’m f sa yo mande’m nan men’m epi yo di monte machin nan f rapid, mezanmi mwn pa volè,mwn pa  asasen ni mwn pa kidnapè epi yo voye’m nan machin voup epi gen yon polisye ki di monte al jwenn frè’w yo, mwn di mwn pa konn neg sa yo non chèf la , yo reponn mwn wap gentan konnen yo wi paske kote nou prale a nap gen tout tan nou pou nou fè konesans pa bay tet ou pwoblèm,c konsa yo tap mache nan tout zonn nan avenu christophe la pou yo ramase ti jèn gason, mwn pa konn pou lot yo mwn men’m mwn inosan , lè yo mennen nou nan ponpye epi tout moun komanse bay doleyans yo, epi mwn komanse pale tou mwn di se NS2 map f Lycée Fritz Pierre Louis, epi gen yon mesye ki di bay depliyan’w epi yap kite’w al< ou wè lè mal chans lan avè’w tout sa’w fè ap kont ou vre> mal chans pou mwn mpat mache ak depliyan lise a, epi se lè map byen gade mwn wè yon chèf mwn konn wè men mpaka sonje ki bo mwn konn wè’l la epi se lè map reflechi epi mwn di chèf la se <SCOUT> Mwn ye wi chèf la, kote’m gentan pou’m al nan tire woch wap di’m epi se NS2 map fè nan Lycée Fritz Pierre Louis chèf se travay map sot travay wi nan lise a paske demen jeudi map fè mathématique chèf la se pou sa wi mwn te nan lise a, kounye a chèf patwouy la di : scout ou ye ? mwn di wi chèf la, li di ki district ? mwn di Centre 2. Li di kiyès ki codist la ? mwn di JB li di nan ki group ou ye ? mwn di ROI HENRY CHRISTOPHE. Li di kote nou reyini ? mwn di nan l’école République du paraguay la wi chèf la. Li di kiyes ki CG a ? mwn dil Ronald Christophe epi li mwn met ale sinon mwn tap domi nan prizon jodi a, mwn di Bondye mèsi paske li te mete’m nan scout sinon mwn tap prizon pou yon koz ke’m pa men’m konnen men’m, se pou sa map tou ba nou yon ti konsèy pajan’m mache san pyès nou li te mèt kote’w prale a mache avè’l sinon wap nan won, epi saki pi lèd la men’m yon apèl yo pa vle’w fè yon men’m arive kraze telefonn moun kap eseye fè apèl la.

     

    se te Désir Jonas elèv Lycée Fritz Pierre Louis  

    « Lycée Fritz Pierre Louis nan lariCOMMEN PARLER AUX FILLES »
    Partager via Gmail Yahoo!

  • Commentaires

    1
    Mardi 20 Juin 2017 à 18:27

    oh mtande yo di prizon kraze ui c sak f sa mpanse c expre yo f

    2
    Mercredi 21 Juin 2017 à 20:55

    Jou sa genle c sa ui ou ta pral chache paske ou t cho pouw t al lakay ou

    • Nom / Pseudo :

      E-mail (facultatif) :

      Site Web (facultatif) :

      Commentaire :


    3
    Mercredi 21 Juin 2017 à 21:04

    oh president neg yo tap met kod sou ou ui

    4
    Vendredi 23 Juin 2017 à 21:37

    Waww yo manke pranw 

    Suivre le flux RSS des commentaires


    Ajouter un commentaire

    Nom / Pseudo :

    E-mail (facultatif) :

    Site Web (facultatif) :

    Commentaire :